Haitian Creole Bible

Ecclesiastes 9

Ecclesiastes

Return to Index

Chapter 10

1

¶ Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.

2

Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.

3

Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.

4

¶ Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.

5

Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.

6

Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.

7

Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.

8

Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.

9

Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou.

10

Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l', ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l'. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè.

11

Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l' gen tan mòde ou.

12

¶ Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.

13

Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.

14

Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.

15

Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.

16

¶ Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.

17

Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.

18

Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.

19

Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.

20

Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.

Ecclesiastes 11

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: