Haitian Creole Bible

Deuteronomy 13

Deuteronomy

Return to Index

Chapter 14

1

¶ Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.

2

Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li.

3

Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje.

4

Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit,

5

se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon.

6

Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou.

7

Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje.

8

Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.

9

Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo.

10

Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje.

11

Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gen dwa manje.

12

Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè,

13

milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,

14

tout kalite kaou,

15

otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,

16

koukou, frize, gwo kanna mawon blan,

17

grangozye, plonjon, chwèt,

18

sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho.

19

Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo.

20

Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

21

Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.

22

¶ Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa.

23

Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.

24

Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an,

25

lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a.

26

Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.

27

Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.

28

Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.

29

Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.

Deuteronomy 15

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: